Rebat kat la an Ayiti : dwa moun, demokrasi, souverènte popilè

 Bonjou tout moun,

Se yon imans plezi pou mwen pou m rankontre nou maten an nan kad jounen fomasyon sa ke Forum pour la Refondation de la société haïtienne, FRESH, òganize. Mwen remèsye nou anpil pou prezans nou nan fowom sa. 

Non mwen se Jean Fritzner Etienne, doktè an istwa, chèchè asosye nan inivèsite Paris 8, anseyant nan menm inivèsite sa ak Inivèsite Sorbone Paris Nord, ant 2022 e 2026, direktè Archives numériques de la Révolution haïtienne.

Fok nou di toudabò ke jounen sa plis yon jounen echanj ak deba sou kriz san parèy peyi d Ayiti ap viv jodi a, olye yon fomasyon teworik, kote nou pral prezante yon ansanm konesans. Echanj n ap genyen maten an fè pati estrateji FRESH mete an plas pou poze pwoblèm reyèl peyi a, ak popilasyon an, pou n kapab rive konstwi yon veritab pwogram politik, ki chita sou yon metod patisipatif. Pwogram politk sa gen pou objektif transfòme an pwofondè kondisyon materyèl egzistans klas ki pi pòv yo. Li dwe debouche sou yon dokiman k ap soti sou fom yon liv, ki pral sanse fwi yon ansanm rankont, tankou sa kap fèt jodi a, kolok syantifik ak chèchè, espesyalis, e pwofesé inivèsite, rankont ak echanj ak diferan oganizasyon nan sosyete sivil la, nan vil yo kou nan mòn. Pi gwo swè nou, se ke echanj sa yo pwovoke yon priz de konsyans pwogresif, ke se pitit Ayiti ki pou libere Ayiti, men tou, ke echanj sa yo debouche sou yon veritab mobilization moun de byen, pwogresis ak majorite silansyez la, pou n rive mete yon bout nan kalamite pèp Ayisyen an, ke klas politik sa, ansanm ak puisans enperyalis yo deside redui, yon lòt fwa ankò, nan esklavaj.

Jounen an ap dewoule an 2 tan : nan yon premye tan, n ap prezante kontèks ak metodoloji pwojè politik FRESH la, pandan n ap prezante yon elaborasyon teworik kriz ayisyèn nan, ki chita sou yon konpreyansyon istorik reyalite n ap viv jodi a ; nan yon dezyèm tan, n ap prezante grand liy dokiman pwogramatik FRESH la, e patisipan yo pral gen pou reflechi sou diferan tematik ke nou pral pwopoze yo, epi fè pwopozisyon, ki pral entegre nan dokiman final la. Tout moun ki patisipe yo ap gen non yo figire nan dokiman pwogramatik la, antan ke kontribitè.

Kriz Ayiti ap travèse jodi a gen yon dimansyon istorik ki remonte a lendepandans peyi a, ke nou rele yon « Crise de la politique ». Nou dwe distenge « crise de la politique » la ak « crise politique » yo. Donk « crise de la politique » se pa menm bagay ak « crise politique ». « Crise de la politique » fè referans ak yon kriz reprezantasyon politik, kote sitwayen yo pa rekonèt yo nan moun k ap  dirije peyi a, paske yo santi enterè ak aspirasyon yo pa pran an kont. Dirijan yo vin pèdi tout lejitimite devan je popilasyon an. Se sa n ap viv jodi a, e ki se yon fenomèn istorik, ki la depi pratikman endepandans peyi a (egzanp : fè yon ti tou rezo sosyal yo, w ap konstate fasilman nivo mepri ak èn popilasyon vizavi politisyen ak dirijan yo). Gwo mobilizasyon popilè ki fèt an Ayiti pandan 15 dènye ane yo, ansanm ak pousantaj patisipasyon trè ba nan eleksyon yo (ant 18 % ak 30 % ant 2010 ak 2017), menm jan ak banalizasyon otorite Leta a, se manifestasyon « crise de la politique » la. « Crise de la politique » la jwenn rasin li nan atitid istorik Leta a ak klas dominant yo an Ayiti, ki toujou montre mepri yo pou tout revandikasyon klas popilè yo, nan sans yon amelyorasyon kondisyon materyèl egzistans yo (kondisyon lavi yo).

Pou n byen konprann konsèp « crise de la politique » la, m ap fè yon ti rapèl istorik sou revolisyon ayisyèn nan. An reyalite, kòz fondamantal soulèvman esklav yo, nan lannwit 22 o 23 dawout 1791 lan, ki te mennen, 13 lane apre, ak endepandans peyi a (an 1804), te gen rapò, an grand pati, ak kondisyon lavi esklav yo : kondisyon travay nan plantasyon yo, move tretman, problèm manje, lasante, dwa pou yo repoze, elatriye. Komisè franse yo, ki te konprann nesesite politik pou amelyore kondisyon lavi esklav yo, te pran yon seri mezi an favè yo : tankou, ba yo plis manje, plis rad, spirite pinisyon abitrè, entèdi kondanasyon amò pou mawonaj, elatriye.

Men, peryòd ki soti depi 1804 rive jouk jounen jodi a montre yon mepri prèske total Leta ayisyen anvè revandikasyon ak aspirasyon sitwayen yo. Elit k ap dirije peyi a pa janm enterese satisfè bezwen fondamantal pèp ayisyen an. Pwoblèm mas popilè yo ap fè fas pa janm konsidere kòm yon priyorite pou zotobre yo. Tout boulvèsman politik ak soulèvman popilè ki make de (2) syèk egzistans peyi d Ayiti  montre peyi a  ap fè fas depi toujou ak yon « crise de la politique », yon kriz san fen, ki tradui refi popilasyon an pou l kontinye viv nan kondisyon enfra-imèn elit dirijan yo kenbe l la. Boulvèsman sa yo montre tou pwomès Revolisyon an pa janm reyalize. Nan sans sa a, Revolisyon ayisyèn nan parèt kòm yon revolisyon inacheve, paske revandikasyon mas popilè yo, tankou dwa tout sitwayen pou viv nan ladiyite, pou satisfè bezwen fondamantal yo tankou manje, bon jan lojman, swen sante, aspiration pou viv nan yon sosyete kote tout moun egal devan lalwa, elatriye, pa janm satisfè. An Ayiti, elit k ap dirije yo pa janm travay pou bati yon sosyete jis, kote dwa sak pi fèb yo pwoteje. 

Apre 1804, Leta ki mete an plas nan peyi a, se yon Leta ki pat twò diferan de Leta kolonyal la, yon Leta vyolan, represif, inegalitè, ki pa janm pran an kont revandikasyon mas popilè yo, ki toujou chwazi represyon kòm sèl repons ak revandikasyon popilasyon an. Selon nou menm, nan FRESH, se sistèm vyolan,  represif, inegalitè, sistèm enjis sa, ki alabaz ni « crise de la politique » la, ni kriz politik yo nan peyi.

FRESH kwè ke, pou mete yon bout ak « crise de la politique » la, ki toujou ap pwodui kriz politik nan peyi a, li endispansab pou n refonde Leta a sou baz yon revolisyon sosyal ak ekonomik, ki dwe  konplete Revolisyon ayisyèn nan, an fezan de bezwen fondamantal klas popilè yo pi gwo priyorite  Leta a : manje, lojman, lasante, edikasyon, diyite moun, ak dwa pou tout moun viv byen.

Dezyèm dimansyon kriz ayisyèn nan, ke nou pap apwofondi vrèman nan kad deba yo, se dimansyon konjonktirèl la, ki make esansyèlman pa yon sòt de disparisyon prensip souverènte popilè a, kote yon ti gwoup politisyen antann yo ak anbasad peyi enperyalis yo an Ayiti, pou deside nan plas pèp la. Tout sa kap fèt jodi a an Ayiti : nominasyon gouvènman, jij, majistra, direktè nan bwat Leta, siyati kontra, entèvansyon etranjè, fèt an deyò lalwa, san sitwayen yo pa gen anyen pou yo di. 

Konstitisyon 1987 la tabli yon rejim demokratik an Ayiti. Youn nan prensip kadinal yon rejim demokratik se prensip souverènte popilè a, sa vle di se pèp la ki sèl sous pouvwa, se li ki bay lejitimite ak tout otorite politik. Dou, yon lot prensip nan rejim demokratik la ki ekstrèmman enpotan, se « principe de la participation citoyenne » atravè eleksyon, deba, asanble, manifestatsyon, etc. Tout prensip demokratik sa yo disparèt petitapeti nan peyi a, pou fè plas ak yon rejim diktati, sou yon fo vizaj demokratik, ke kominote entènasyonal la, an patikilye anbasad amerikèn, enpoze pèp ayisyen an. Pou kache pwoblèm « de fond » sa, entènasyonal la fè tout sa l konnen pou fè pèp la konprann ke sèl pwoblèm peyi a se ensekirite, se gang. FRESH kwè li endispansab pou n restore souverènte popilè a an Ayiti e remete kanpe enstitisyon demokratik yo. Se prensip sa yo FRESH deside defann, nan kad angajman politik li.

Mèsi !

Pari, 15 jiyè 2026