Pwopozisyon pou yon revolisyon sosyo-ekonomik an Ayiti

Jodi a, li klè pou tout moun, popilasyon ayisyèn nan ap viv nan yon sitiyasyon deplworab, e menm lamantab. Mizè ak enjistis blayi kòl sou kòtòf lestomak li. San nou pa antre nan anpil literati, nou panse pi gwo kesyon ki dwe poze nan kontèks nou ye la, se kijan pou n retire popilasyon an nan mizè, nan povrete, ki jan pou n mete yon bout ak sistèm enjistis la, kote gen moun ki gen dwa gen lòt ki pa gen okenn dwa. Donk, kijan pou n kreye yon sosyete kote tout Ayisyen gen menm dwa, kote tout pitit tè a gen menm chans ?

Kesyon sa yo ka soulve yon latriye repons : gen moun ki ka di se pwodiksyon nasyonal pou n bay jarèt , gen lot ki ka di se pwoblèm koripsyon an pou n rezoud, genyen k ka di se klas politik la pou n chanje, genyen menm ki ka di se yon rejim diktati pou n remete kanpe, kòmkwa nou pat gen ase diktati nan istwa nou. Gen anpil lot repons ou ka jwenn, men tout repons sa yo pa pèmèt nou sezi pwoblèm ayisyen an de fason syantifik, nan yon pèspektiv sistemik. Yo pa pèmèt nou defini liy direktris yon politik piblik ki gen pou objektif pote solisyon dirab ak kochma Ayiti a.

Nan ti tèks sa, mwen pwopoze pou m prezante yon teyori senp sou kesyon an epi pwopoze yon modèl politik piblik, ki chita sou lide yon revolisyon sosyal ak ekonomik an Ayiti. Nan sans lan, mwen ta ka deklare XXIe syèk la kòm « Syèk Revolisyon Sosyo-ekonomik an Ayiti ».

Pou eksplike kesyon an, m ap rale yon ti teyori maksis, menmsi mw pa maksis mwen menm. Teyori maksis la defini de (2) gwo konpozant ki fòme yon sosyete : 

  1. Enfrastrikti sosyo-ekonomik lan (antrepriz yo, pwodiksyon, rapò ak kondisyon travay, edikasyon, sante, elatriye). Nou ta ka di konpozant sa reprezante de (2) pye sosyete a, se baz la.
  2. Sipèstrikti jiridiko-politik la (lejislasyon, rejim politik, gouvènman, fòslòd, pati politik, elatriye)

Depi nou byen konprann lojik la nou ka anrichi teyori a an fonksyon kontèks sosyal chak peyi.

Pwoblèm Ayiti chita selon mwen sou plas nou bay chak konpozant sa yo nan politik piblik nou yo, menmsi nou pa rann nou kont. 

Pandan de (2) syèk, elit politik ayisyèn nan toujou bay priyorite ak dimansyon sipèstriktirèl la, nan fason yo abòde pwoblèm peyi a. Sa vle di yo redwi tout bagay ak politik, ak kowolè li ki se sistèm jistis la, menmsi yo pa janm respekte lwa yo. Se rezon sa ki fè jodi a, elit politik la kwè se pwoblèm konstitisyon nou genyen, komkwa se konstitisyon an ki dwe aplike pwop tèt li. Ayiti se youn nan peyi ki pase plis konstitisyon nan istwa l (anviwon yon trantèn). Chak fwa elit la bezwen renouvle sistèm nan, li fè yon konstitisyon. Batay nan nivo sipèstriktirèl la kontribye anpil nan kriz politik la, men anje a se pa janm pwoblèm popilasyon an ni enterè kolektif la, se pito enterè pèsonèl ak enterè de gwoup. Nouvo paradig politik la dwe chita sou lide yon Leta ki sispann priyorize politik ak deba jiridik esteril, e ki mete konpozant enfrastriktirèl la, sa vle di kondisyon materyèl egzistans sitwayen yo, osant preyokipasyon l. Se pa konpozant sipèstriktirèl la ki dwe premye preyokipasyon elit politik la jodia, menmsi nou wè se sa ki enterese tout aktè yo, sitou entènasyonal la, ki vle ban nou yon ènyèm konstitisyon « le ou la fason ». Sistèm jiridiko-politik la se pa li k pwoblèm nan, konstitisyon 1987 la, ki se petèt konstitisyon ki pi pwogresis peyi a janm genyen, deja kreye yon sistèm jiridiko-politik ki ka mande kèk refòm ; se moun ki onèt e konpetan nou bezwen pou mete l an aplikasyon. Dayè, pa gen okenn sistèm jiridiko-politik nan monn lan ki pafè, ki san defo, ki san fay.

Se konpozant enfrastriktirèl la ki dwe preyokipasyon tout ekip politik ki vle pote chanjman veritab nan kondisyon lavi popilasyon an. Se mepri pou kesyon sosyal ak ekonomik yo ki alabaz kriz politik san bout lan, paske pèp ayisyen an ap trennen depi prèske 400 zan (mwen konte peryod kolonizasyon an) de revandikasyon ki pa janm satisfè. Revandikasyon sa yo chita esansyèlman sou kondisyon lavi yo, tankou : kesyon salè, kondisyon travay, lekol, lasante, kay, manje, enjistis, sekirite, pansyon, elatriye. Se revandikasyon sa yo ki te alabaz soulèvman esklav yo an 1791, ki ta pral mennen a lendepandans peyi a. Gade kisa Jean-François, youn nan premye lidè revolisyon ayisyèn nan te ekri alepok pou l esplike rezon soulèvman an :

« Les mauvais traitements de leurs maîtres qui, la plupart, se rendaient bourreaux de leurs esclaves en les maltraitant par toutes sortes de tourments, leur ôtant les deux heures, les fêtes et dimanches, les laissant nus, sans aucun secours, pas même dans les maladies, et les laissant mourir de misère. Oui, messieurs, combien n’avions-nous pas de maîtres barbares se faisant un plaisir d’exercer des cruautés sur les malheureux esclaves, ou bien, des économes ou procureurs qui, pour se conserver les bonnes grâces de leur propriétaire exercent de même mille cruautés sur les esclaves en prétendant remplir leur devoir. Ah, messieurs, daignez, au nom de l’humanité, jeter un coup d’œil favorable sur le sort de ces malheureux en faisant des défenses expresses qu’ils ne soient point maltraités aussi rigoureusement, de faire abolir les cachots affreux, séjour de la misère, et tachez d’améliorer le sort de cette partie d’hommes si nécessaire à la colonie, et nous osons vous assurer qu’ils reprendront leurs ouvrages, et rentreront sans peine dans le devoir […] » 

Tèks Jean-François a poze pwoblèm dwa fondamantal esklav yo, dwa pou yo viv tankou moun. Li poze pwoblèm kondisyon travay nan plantasyon yo, pwoblèm dire travay la, dwa pou esklav yo gen konje, pwoblèm move tretman, elatriye. An 1804, nou kreye yon Eta endepandan, nou mete bout ak kolonizasyon an, men nou pa fè revolisyon sosyo-ekonomik lan, ki te dwe pote chanjman radikal nan kondisyon lavi popilasyon an. Se sèlman revolisyon sosyo-ekonomik sa ki kapab mete bout nan kalamite peyi a ap konnen depi karan (40) dènye ane yo.

De (2) imaj sa yo tradwi pafètman esans revandikasyon popilè yo e rezon ki esplike kriz politik pèmanan an.

Kèk eleman RSEA lan :

  1. Domèn sosyal
  1. Mete kanpe yon politik konstriksyon enfrastrikti eskolè pou tout timoun kapab ale lekòl gratis. Ayiti se youn nan ra peyi kote edikasyon se yon biznis. Edikasyon pa dwe vann ;
  2. Kreye yon sistèm lekòl pou tout ti Ayisyen kote p ap gen zafè lekol moun rich ak lekol moun pov ;
  3. Mete kanpe yon politik fòmasyon medsen, enfimyè, oksilyè, elatriye, ak konstriksyon bon jan lopital pou tout sitwayen ayisyen alawonbadè kapab jwenn bon jan swen sante ;
  4. Mete kanpe yon sistèm asirans inivèsèl ki pou pèmèt tout sitwayen gen aksè ak menm kalte swen sante, nan tout lopital, tout klinik ak poliklinik ki sou tèritwa nasyonal la ; 
  5. Mete kanpe yon flòt anbilans ak estrikti sanitè mobil, sou tè ak anlè (tankou drón) ki kapab entèvni rapidman lè fanmi yo bezwen swen sante an ijans ;
  6. Nan respè dwa pou tout moun viv, kreye yon salè minimòm vital pou tout moun ki pap travay oubyen  ki pa ka travay ;
  7. Ajiste salè ouvriye yo an fonksyon kou lavi a ; 
  8. Mete nan bidjè a lajan pou tout lekòl kapab bay timoun yo omwen yon pla cho pa jou ; 
  9. Kreye yon sant pou zèv inivèsitè ki pral okipe l de pwoblèm etidyan (lojman, lamanjay, finansman pou etid, asirans sante, anplwa, elatriye) ; 
  10. Refòme sistèm retrèt prive kou piblik pou moun ki gen laj retrèt kapab fè plas pou jenn yo, san yo pa tonbe yo menm nan lamizè ;
  11. Elabore griy salè pou fonksyonè leta ki pran an konsiderasyon diplom ak eksperyans chak moun ; 
  12. Mete kanpe yon reyèl politik lojman pou tout sitwayen san distenksyon kapab gen aksè ak yon lojman desan ;
  13. Mete kanpe yon politik ki vize amelyore kondisyon lavi pwofesè, polisye, militè, jij ak tout pèsonèl sante yo. Metye sa yo dwe konte pami metye ki pi byen peye nan peyi a.
  14. Pwoteje sitwayen yo kont enjistis sistèm jistis lan (lè yon gwo zouzoun annafè ak pi fèb pase l, li dwe konnen li gen plis chans pou pèdi devan tribinal ke l genyen, tèlman sistèm nan ap favorab ak sa k pi fèb yo – yon fòm diskiminasyon pozitif. Se sa yo rele nan système jiridik kèk peyi 🙂 ; 
  15. Mete kanpe yon politik sistematik an favè granmoun ki pa ka travay ankò, timoun ki pa gen paran, andikape, pou moun sa yo ka viv nan ladiyite ;
  16. Mete kanpe yon veritab politik pou ankadre teknikman peyizan nou yo, pou entegre yo nan zafè peyi a, pou mete a dispozisyon yo tout sèvis de baz yon moun bezwen pou viv nan ladiyite (dlo, elekstisite, sante, edikasyon, elatriye) ;
  17. Mete kanpe yon veritab politik an favè jenn yo, k ap chita sou entegrasyon pwofesyonèl, fomasyon ak patisipasyon sosyal ;
  1. Nan domèn ekonomik
  1. Mete kanpe yon politik agrikòl k ap pèmèt nou ranplase nan yon tan trè kout kantite manje n ap achte nan lòt peyi ; kantin nan lekòl yo dwe makonen ak politik agrikol la ;
  2. Devlope yon estrateji pou pwoteje konsomatè yo kont tout kalte risk ak abi ;
  3. Mete kanpe yon politik pou kontwole pri tout pwodwi k ap vann sou tèritwa nasyonal la ;
  4. Soti nan politik liberalizasyon to chanj lan ak liberalizasyon san fren mache a ; 
  5. Mete kanpe yon politik asenisman ak jesyon syantifik vil yo ;
  6. Mete kanpe yon veritab politik enèjetik pou pèmèt jenn gason ak jenn fanm kreye travay, pou biznis kapab fonksyone san yo pa blije fè gwo envestisman nan jeneratris, batri ak invètè ;
  7. Kreye yon enpo espesyal sou richès ki pou pèmèt moun ki gen gwo revni kontribye komsadwa nan devlopman peyi a ;
  8. Sispann enpòtasyon pèpè nan peyi a pou sitwayen nou yo sispann itilize vye pwodwi lòt moun fin itilize e pou ankouraje pwodiksyon rad lokal ;
  9. Sispann enpòtasyon machin ki gen plis pase 5 lane sèvis ;
  10. Mete kanpe yon sistèm kredi nan kad sistèm ekonomi solidè, ki se sèl altènativ ak sistèm bankè parazitè nou an.

Sa se kèk eleman konkre nou kwè ki ka fè pati ansanm eleman konstititif revolisyon sosyo-ekonomik lan.

FRESH